A pwopo CloJoStore

Ret konekte ak pwodwi Ayiti yo, pwodwi de klalite, Konfyans etabli.

Ki Misyon nou

Nan Clojo Store , misyon nou senp: ofri pwodwi de kalite siperyè ki rekonekte moun nan dyaspora a ak bon pwodwi w te konn sèvi Ayiti, ki bon, epi ak pri ki agreyab.

Nou kwè acha sou entènèt ta dwe senp, fyab, epi abòdab , se poutèt sa nou ofri ak anpil atansyon pwodwi de kalite, pratik, ak bon valè.

Magazen nou an te kreye pou bay kliyan yo aksè a pwodwi ki alamòd, kap itil nou chak jou — tout yon sèl kote.


Objektif nou

Objektif nou se bay chak kliyan yon eksperyans acha ki fasil e agreyab.

Nou konsantre sou twa valè enpòtan:

✔ Pwodwi Kalite – Nou chwazi pwodwi ki satisfè estanda nou yo ak anpil atansyon.
✔ Pri Abòdab – Nou ofri pri ki abòdab kote ou pa bezwen anpil lajan pou yon pwodwi ki vrèman enpòtan, nou pa magazen ki pi chè a.
✔ Satisfaksyon Kliyan – Satisfaksyon ou se pi gwo priyorite nou.


Poukisa ou ta dwe achte avèk nou?

Nou konnen ou gen anpil chwa lè w ap achte sou entènèt. Men kèk rezon ki fè kliyan yo chwazi ClojoStore :

⭐Pwodwi chwazi selon nesesite yo
⭐Pèman sekirize
⭐Sipò kliyan rapid ak seryezite
⭐Livrezon pi rapid

Nou angaje nou pou asire ke chak kliyan gen yon eksperyans acha an sekirite epi agreyab .


Sipò Kliyan

Si ou gen nenpòt kesyon sou pwodwi nou yo oswa sou òdè ou a, ekip sipò nou an la pou ede ou.

📧 Imèl: [email protected]
⏱ Tan Repons: 24–48 èdtan


Mèsi paske ou te achte avèk nou

Mèsi paske ou te chwazi ClojoStore .
Nou vrèman apresye sipò ou epi nou pa ka tann pou sèvi ou.

Scroll to Top