Terms and conditions

Règleman ak Kondisyon

Byenvini nan CloJoStore. Lè w antre sou sit entènèt nou an oswa lè w itilize l, ou dakò pou w respekte Tèm /règleman ak Kondisyon sa yo. Tanpri li yo ak anpil atansyon anvan w itilize sèvis nou yo.

Itilizasyon Sitwèb la

Lè w sèvi ak sit entènèt sa a, ou konfime ke:

  • Ou gen omwen 18 an , oubyen w ap itilize sit entènèt la anba sipèvizyon yon paran oswa yon gadyen legal.
  • Ou pap itilize sit entènèt la pou okenn rezon ilegal oswa san otorizasyon .
  • Ou dakò pou pa entèfere ak sekirite oswa fonksyonalite sit entènèt la.

Pwodwi ak Pri

Nou fè tout efò posib pou asire ke tout deskripsyon pwodwi yo, imaj yo, ak pri yo egzak.

Sepandan, nou rezève dwa pou nou:

  • Korije erè pri yo
  • Chanje pri pwodwi yo nenpòt ki lè
  • Anile kòmand yo si pri a pa kòrèk.

Kòmand

Lè ou pase yon kòmand ak CloJostore , ou dakò ke:

  • Tout enfòmasyon yo bay la egzak e konplè.
  • Nou rezève dwa pou anile oswa refize nenpòt òdè pou nenpòt rezon.

Si yo anile kòmand ou an, ou ap resevwa yon ranbousman konplè.

Pèman

Nou aksepte pèman an sekirite atravè founisè pèman ou fè konfyans.

Nou trete enfòmasyon pèman ou yo yon fason ki an sekirite epi nou pa estoke detay pèman ou yo .

Livrezon

Tan livrezon yo ka varye selon kote ou ye a ak disponiblite pwodwi a.

Yo pral bay tan livrezon estime pandan w ap pase kòmand lan, men yo pa garanti sa .

Nou pa responsab pou reta ki koze pa:

  • Pwosesis ladwàn
  • Transpòtè kap ship la
  • Evènman natirèl yo
  • Adrès livrezon ki pa kòrèk

Pwopriyete Entelektyèl

Tout kontni sou sit entènèt sa a gen ladan:

  • Imaj
  • Logo
  • Tèks
  • Grafik

se pwopriyete CloJostore  epi ou pa ka kopye oswa itilize li san pèmisyon.

Limitasyon Responsablite

Nou pa responsab pou okenn domaj ki rive akoz itilizasyon sit entènèt nou an oswa pwodwi nou yo.

Chanjman nan Tèm/Règleman yo

Nou rezève dwa pou mete ajou Tèm/Règleman ak Kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Chanjman yo ap afiche sou paj sa a.

Kontakte

Si ou gen kesyon sou Tèm/Règleman sa yo, kontakte nou:

Imèl: [email protected]

Scroll to Top